Ban m tou di nou. Mwen
rankontre ak Ariel Henry, yèswa. Se te sou envitasyon l.
Tout sa m pral di nou la
a, se enfòmasyon m te kenbe annatandan... moman an te rive. Mwen pa gen anyen m
pral di la a ki gen rapò ak sa mwen ak Ariel Henry te diskite. Prekosyon pou
tout moun.
Touuuuuut sa nap tande,
tout zak ki ap poze la yo, tout pyon ki ap deplase yo nèt, se aktivite KOUDETA,
Ti Klod Joseph te gen pou benefisye de li nan dat 7 Jiyè a ki ap kontinye. Jan
lari a di a, tout moun nèt te okouran Jovenel Moyiz ta pral mouri asasinen, menm Jovenel te
okouran. Antouraj la okonplè te okouran. Tout moun tap ranje zafè yo, kouman
pou rekipere kadav la nan avantaj yo, apre lanmò a.
Ann koumanse pa Jovenel
ki te okouran. Misye pa desann nan Palè depi 9 jou. Pouki? Misye te mete nan
tèt li se nan lari yo tap pran l ak kòtèj li. Kòm li te pè pou yo pat trennen
kadav li nan lari menm jan ak Vilbrun Guillaume Sam, se pou sa li te rete lakay
li. Houngan ki travay pou li yo te ba l pwen pa pran
bal, lè yo fè l mete kalson anba pantalon l lanvè. Domaj, nèg ki touye l yo te vini ak rach pou rache
l tou.
Pandan Jovenel fèmen tèt li lakay li nan Pèlerin 5, li deside
fòme yon lòt gouvènman ak yon lòt Premye Minis. Li pat kwè Ti Klod Joseph te ka
ba li yon dènye souf nan politik la.
Antouraj la ki gen nan tèt li Martine Moïse, Reynald Luberice, Ardrouin
Zephirin te vle kenbe Ti Klod Joseph, ki li menm antre tan ap fè lòbi bò
entènasyonql. Men gen entènasyonal ak entènasyonal. Antouraj Jovenel la ak tout
Rezo mafya/Merdia ki genyen poto mitan plante nan Riyel Chavannes nan, aktive
rimè: se Babekyou ki mande mete Ariel Henry kòm PM. Yo menm di Ariel kòm doktè
te konn ale swanye Babekyou lakay li apre l te pran bal nan Site Solèy. Men, pi
gwo kou antouraj Jovemerde la te pote, se anpeche yo anpeche Arete ki nonmem
Ariel la soti nan Le Moniteur. Kijan sa fè fèt? Jovemerde pa ale nan Palè.
Kidonk, Renald Luberice ak tout Sekretè Jeneral Palè a Valbrun, voye Arete a,
men yo mande Ronald St Jean (Rezo Riyel Chavannes) pou l poko publiye l. Jovenel
ap tann pou enstale Ariel, li pase 2 jou
li pa ka fè sa apre l fin anonse nouvel la sou tweeter. Pou enstale Ariel, ekip
Palè a di misye Arête a poko soti. Lè Jovenel wè sak pase a, li rele Ronald St Jean, mande l
pou l pote Moniteur ba li pèsonèlman Lakay li Pèlerin. Arête a rive Pèlerin
vre. Anons fè pou enstale Ariel nan Palè le 7 Jiyè nan la jounen. Jovemerde
mouri asasinen jan tout moun konnen an nan granmaten 7 Jiyè a.
Men, Ti Klod Joseph te
gen tan gen yon Moniteur pa l ki pibliye a 10 zè di maten, jounen 7 Jiyè a,
pandan kadav Jovemerde atè Lakay li nan Pelerin. Konsta ni jij de pè, ni DCPJ
poko menm fini, alevwa pou ta genyen yon akt jiridik ki konstate lanmò
Jovemerde. Moniteur pa Ti Klod la tou mete tèt li, prezidan de facto, jouk nan
prochen Eleksyon (jouk pou konbyen tan?). Epi Arête a tou pran Etat de siège
sou peyi a.
Se Ti Klod ki fè mouvman
pou rele avyon prive vin chache Martine mennen l al pran swen aletranje. Ti
Klod ki te gen tan byen travay Madan Lalime, tou jwenn benediksyon Madan Lalime
pou kenbe pouvwa a, swadizan pou rapousuiv ajanda kriminel Jovemerde la. Men,
jan m te déjà di l pi wi, gen entènasyonal ak entènasyonal. Ti Klod pa inyore
sa. Se pou sa li te kouri aksepte retire kò l nan koze Premye Minis sa a sou presyon
“entènasyonal” la ki konnen gwo wòl misye te jwe anndan konplo pou elimine Jovemerde Moïse
fizikman. Ekip Kolonbyen yo ki pral jwenn etikèt “Mèsenè” yo, te deja ap opere
anndan peyi a depi kèk jou, anba otorizasyon, sinon konplisite Ti Klod Joseph
kòm chef CSPN. Léon Charles, Gary Pierre Paul Charles, anpil gwo tèt nan Leta
PHTKK a okouran trè byen, gen plizyè operasyon plizyè Inite PNH la fè kont
gang, nan plizyè pwen nan kapital la, Laboule 12 ak nan Torcelles nan semenn
anvan asasina Jovemerde la, se te avek apui kout zam “mèsenè” Kolonbyen yo. Epi
Ti Klod Joseph te gen tan entegre 4 Kolonbyen nan kò sekirite pèsonel li, selon
plizyè temwanyaj mwen jwenn bò kote anpil sous sekirite anndan peyi a. Se jou
asasina Jovemerde la, nan prese pou pran pouvwa, nan prese pou fè konnen se li
ki chef, bagay la se nan men l li ye, se nan kouri bay enfòmasyon an an primè
nan radio Riyel Chavannes nan, lang misye glise. Se pat entansyon l pou l di se
Kolonbyen. Se pou sa lang li te glise li te di nan yon premye tan, se
Venezyelyen ak Kolonbyen.
A 6 zè di maten, Ti Klod pat anndan kay la (?????), tout sekirite Palè te déjà
bwaze kite póst yo nan Pelerin 5. Ak ki moun Ti Klod Joseph te pale pou l
konnen se kòmando ki pale panyòl e li te konnen nasyonalite yo byen konsa
(????).
Tou suit nan menm jou a,
Ti Klod Joseph fè Kolonbyen yo pa vin nan sekirite l ankò. Li fè Dimitri Herard
voye 4 USGPN ba li pou ranplase 4 Kolonbyen ki te nan kòtèj avè l yo pandan
tout semenn nan.
Nou konprann pouki jodia,
Kolonbyen yo di se Ti Klod ki trayi yo an dènye minit, nan angoufre kò l nan
vid pouvwa a. Paske misye te gen tan pwomèt yo lap proteje yo, yo pap menm
bezwen chache jete kò yo.
Tout mouvman ki ap fèt la a nan moman an
nan peyi a kont Ariel yo, se “Koudeta 7 Jiyè” Ti Klod Joseph te rate a, ki ap
rapousuiv nan enterè bann ti kriminel ki tap mete peyi Dayiti tèt anba an 2004
yo, pou te bay kolon “blan” yo satisfaksyon. Ekip ki rele tèt yo “doktè
inivèsitè” yo te konprann pouvwa “nèg sot Jovemerde la” se nan men yo li tonbe.
Se menm volonte ki ap rapousuiv. Destabilize pwòp peyi yo, piye grenn dola
paspò nan misyon diplomatik yo pou ka peye bèl kay pou madanm yo nan Orlando,
Florida.
0 Commentaires